KI WÒL XAVI NAN ÉCHEC FC BARCELONE LAN ?

Image

Semèn sa se te 4èm jounen Ligue des Champions an ki jwe sou 2 jou. Pami evenman ki make jounen sa, se defèt ekip Barcelone (0-1) lan lakay Shakhtar Donetsk .

Malgre FC BARCELONE, twazyèm nan Liga epi dezyèm nan gwoup H la nan LDC an ak menm kantite pwen ak FC Porto (9 pwen) , gen anpil deba sou pèfòmans ekip lan sou teren. Menmsi rezilta match yo pa pi mal. Ekip la pa enspire konfyans ditou. Sa ki lakoz anpil moun pa kwè yo kapab ale lwen. Kotch espanyòl la Xavi se premye moun yo kwè ki reskonsab.

Kisa ki fè moun enkyete pou fc Barcelone? Èske Xavi fotif? Kisa ki dwe fèt pou ranje pwoblèm sa yo? Tout kesyon sa yo ap reponn nan parèt Onze Mètres sa.

Paralèlmam epizòd sa fè yon koudèy tou sou yon match enpòtan nan menm jounen sa: Milan Ac vs Paris Saint-Germain.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *