KI ENPÒTANS LAJAN NAN YON RELASYON AMOURÈZ ? E|32

Image

Koze lajan nan relasyon amourèz se yon gwo pwoblèm an Ayiti kòz chak moun gen yon opinyon sou sa, si genyen ki kwè pa gen lanmou san lajan anpil lòt kwè kontrè an oubyen ekilibre li 50-50.

Lajenès peyi a kounya e menm mond lan pa wè relasyon santimantal menm jan an ankò, pou plizyè moun ki nan relasyon amourèz ou ki gen lide an souvan wè enterè l anvan lanmou, pou kòz anpil relasyon pa dire dènye tan sa yo.

Lajan ta dwe depanse nan sa ki itil men moun yo fè eksè nan depans jis pou foli. E se tèlman y ap gade sou moun ki sou rezo sosyo k ap montre yo gen lajan ki fè gen jèn fi k ap egzije mennaj yo pou ba yo lajan…

Si nou kwè pawòl 3 animatè epizòd Polimatik espesyal sa se paran yo ki dwe fè yon travay depi lakay timoun pou evite yo vin depann de lajan patnè yo lè yo angaje nan yon relasyon.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *